10 lane aprè tanbleman an, lafwa kontinye fondman lavi Ayisyen Sen Dènye Jou sa a

Haitians family

Jean Rossely Bernard te kite lakay li yon fason ki te anòmal trè ta pou li ale nan inivèsite nan aprèmidi nan dat 12 janvye 2010 la. Anviwon 40 minit apre orè abityèl li, etidyan 31 lane an te monte yon “tap-tap”— yon kalite bis transpò ke yo pataje an ayiti — epi li te kòmanse mache lantman nan direksyon lekòl la nan mitan lari yo ki te ankonbre.  

Pandan bis la te rive nan inivèsite a, plizyè sekous te ajite ak kraze vil Pòtoprens lan.

Haiti earthquake
Yon moun k ap pase toupre a te kouvri bouch li akoz pousyè pandan li t ap mache nan Pòtoprens, Ayiti, nan 19 Janvye 2010 la — yon semèn apre yon tranblemann tè nan nivo 7.0 te frape rejyon an. Credit: Jeffrey D. Allred, Deseret News

Li te vole atè epi nan mitan lari kraze an, li tombe chak fwa li te eseye kanpe pandan pousyè ak lafimen te anvayi anlè a.  Kòm tranbleman an te diminye, li te leve je l pou l gade inivèsite a k ap efondre. 

Si li te nan edifis la pandan klas la, Bernard te di, li t ap mouri.

Apre yo te eseye retire viktim yo anba dekonb, Bernard te kouri pou al verifye konsènan manman l avèk bèlmè li, ki t ap viv toupre a. Kòm li te jwenn yo byen, li te travèse nan vil la pandan twazèdtan a pye li t ap chèche madanm li, Nadège, nan apatman yo an. Sèvis selilè te koupe pou plizyè èdtan, epi vil san estabilite li t ap mache an kounye a vin genyen yon dizèn milye kò anba peyizaj kraze li an. Sèl fason pou l te kapab konnen si Nadège te rete vivan se te pou l te jwenn li.  

Haitian earthquake
Ayisyen yo enstale plizyè vil ki fèt avèk tant enpwovize nan kapital la apre tranblemann tè nivo 7.0 an te frape Pòtoprens nan dat 12 Janvye 2010 la. Credit: Logan Abassi

Apre yo te eseye retire viktim yo anba dekonb, Bernard te kouri pou al verifye konsènan manman l avèk bèlmè li, ki t ap viv toupre a. Kòm li te jwenn yo byen, li te travèse nan vil la pandan twazèdtan a pye li t ap chèche madanm li, Nadège, nan apatman yo an. Sèvis selilè te koupe pou plizyè èdtan, epi vil san estabilite li t ap mache an kounye a vin genyen yon dizèn milye kò anba peyizaj kraze li an. Sèl fason pou l te kapab konnen si Nadège te rete vivan se te pou l te jwenn li.  

Li pa t lakay li. Nadège te kouri soti deyò nan edifis sa kote apatman an te ye a  menm moman li te santi tranbleman tè a. Li prese ale nan direksyon ki te  opoze an pou chèche Jean Rossely nan inivèsite an, li te wè ki kantite moun ki te mouri akoz ranble ki kraze yo, epi krent te anvayi li. Pa gen moun nan zòn nan ki te wè mari li.  

Lakay manman li an, li te aprann ke Jean Rossely t ap chèche l aprè  tranblemann tè an, epi li te kriye kòm soulajman.  

Li pa t gen ankenn rezon pou l te kite lakay li anreta pou li ale nan inivèsite a jou sa a — lavi l te sove, Jean Rossely te di, se gras avèk Bondye.

Jwenn refij nan Legliz la

Atravè privilèj paske yo te fizikman pa t blese, Bernard yo te pèdi kay yo ak sa yo te posede pandan tranblemann tè ki te nan nivo 7.0 an — tankou sa te rive avèk yon lòt 1.5 milyon Ayisyen ki sibitman te vin sanzabri — epi yo pa t kapab retounen nan apatman yo.

Konsa yo te sonje chapèl la nan lokalite yo an nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

haiti eartquake
Doktè Mark Rampton k ap pran swen viktim nan tranblemann tè an nan klinik ki enstale nan chapèl Pawas Centrale la nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo nan Pòtoprens, Ayiti, jou ki 21 Janvye 2010 la. Credit: Jeffrey D. Allred, Deseret News

 Avèk èd Legliz la premye jou ekip medikal la nan edifis Pawas Centrale, doktè yo ak enfimyè yo te mande pou kèk volontè, gen ladan yo se moun ki te konprann Anglè pou ede avèk entèpretasyon. Jean Rossely Bernard, ki te ansenye tèt li Anglè pou plizyè lane, te ofri tèt li pou ede epi li te travay antanke yon koup ansanm ak Rampton, li t ap entèprete pou li pou tout ekip lan pandan de semèn yo te pase an.

Yo toulède “te antann yo byen youn avèk lòt” imediatman, Rampton te di, epi yo te kenbe yon zanmitay depi lè sa.

Pandan youn nan klinik yo t ap opere nan chapèl Pawas Centrale, Rampton te la nan yon moman desizif nan lavi Bernard yo.

Jean Rossely te mande gwoup moun yo pou fè yon tès gwosès pou madan m li, epi rezilta a te pozitif. Lè yo dekouvri ke yo t ap tann premye pitit yo nan moman sa a — malgre dezòd tranblemann tè an te lakoz — sa te pote yon lajwa ke yo pa t kapab eksprime, li te di.

Kounye a paske yo te konnen Nadège ansent, koup la te deside ke li ta dwe rete nan provens jiskaske kondisyon yo nan Pòtoprens te vin amelyore. Apre li te viv nan lakou chapèl la pou anviwon twa mwa, Jean Rossely te jwenn yon travay — yon repons avèk lapriyè yo — sa ki te pèmèt li te lwe yon apatman.

earthquake
Doktè Mark Rampton k ap pran swen pasyan Loubens Pierre pandan manman l ki se Renette Charles rete toupre chapèl Pawas Croix-des-Missions nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo nan Pòtoprens, Ayiti, 25 Janvye 2010 la. Credit: Jeffrey D. Allred, Deseret News

Lè tranblemann tè a te frape an, Jean Rossely te sonje, li te pè anpil pou l ta kapab mouri anvan li te sele avèk Nadège. Koup la te ekonomize lajan pou ale vizite tanp lan men yo pa t ko gen opòtinite a. Aprè dezas la, yo te santi yon nouvo sans ijans pou akonpli bi sa a.

Atanke yon sipriz pou li, patron Jean Rossely a te kite l pran yon semèn konje aprè yon mwa edmi nan travay la, epi limenm avèk Nadège te vwayaje pou ale nan tanp lan nan mwa Jiyè 2010 la. Aprè 13-zèdtan vwayaj nan yon wout ki  plen avèk tou — epi yo te chanje bis aprè premye a te vin kraze — yo te vin rive Sendomeng, nan Repiblik Dominikèn.

Nadège te ansent epi yo toulède te fatige anpil, yo te fèk ap reprann yo konsènan tranblemann tè an epi yo te strese konsènan mete pye yo nan yon peyi ke yo pa t janm vizite anvan — men yo te detèmine pou vin yon fanmi etènèl.  Bernard yo te sele nan tanp lan jou ki te 7 Jiyè 2010 la.

Mark Rampton avèk madanm li, Alice, te ede pou òganize vwayaj pou tanp lan epi yo te rankontre avèk Bernard yo Sendomeng pou seremoni an kòm yon pati nan vizit yo nan Repiblik Dominikèn, kote pitit yo te sèvi yon misyon.

Jean Rossely and Nadege Bernard
Jean Rossely et Nadège Bernard posent face au Temple de Saint Domingue en République Dominicaine, où ils se sont scellés le 7 juillet 2010. Credit: Alice Rampton

 Jean Rossely te di limenm avèk Nadège te santi yo rekonesan epi yo kontan pou konnen “ke nou kapab ansanm pou toutan epi pitit gason nou an ta kapab fèt nan alyans lan.”

Lè yo te mande l konsènan avni ke li te anvizaje pou pitit li yo, Jean Rossely te di li vle pou pitit li yo grandi nan levanjil la, pou yo marye nan tanp lan epi pou yo genyen yon diplòm nan inivèsite yo. “Mwen vle pi bon avni an pou yomenm” nan chwa pwofesyon yo, li te di. “Men sa m vle pi plis,” li te ajoute, se pou yo “kenbe levanjil la.”

Opòtinite yo pou sèvi

Pandan 10 lane apre tranblemann tè a,  lavi Jean Rossely Bernard te defini tankou sèvis ke li toujou kontinye bay lòt moun yo ak angajman li nan levanjil Jezikri an. Kòm fanmi li an t ap elaji li vin genyen 3 timoun, kounye a youn gen  1 an, 8 ak 9 lane, li te genyen plizyè apèl nan Legliz la, li te travay epi vin genyen yon diplòm nan inivèsite.

“Mwen gen yon misyon sou tè a pou ede moun yo, pou ede fanmi m epi pou ede sa yo ki nan bezwen,” li te di.

Nan lane 2011, li te aple antanke asistan odit pou Legliz la pou entèrejyon an. Pandan tan sa a, li te kontinye pouswiv etid li, kote li t ap etidye atravè entènèt pou li te kapab travay pou sipòte fanmi l anmenm tan.  

Jean Rossely site kèk prensip li te aprann nan legliz la ki sèvi tankou motivasyon pou vin gen yon edikasyon: “Legliz la (ansenye) ou dwe vin otonòm. Nou dwe kapab grandi, pou ede fanmi nou.” Li te ajoute ke li te gen volonte pou sakrifye l pou ale lekòl pandan l ap travay pou pran swen fanmi l paske “edikasyon se fondman an” sa ede yon moun jwenn bon travay.

Li te gradye nan lane 2014 avèk yon diplòm nan jesyon biznis.

imagen
Jean Rossely avèk Nadège Bernard kanpe deyò tanp Sendomeng lan nan Repiblik Dominikèn, kote yo te sele 7 Jiyè 2010. Credit: Alice Rampton

Kwayans li nan pouvwa edikasyon an enfliyanse apwòch li nan pwochen apèl li an, lè nan mwa Septanm 2015 lan li te resevwa apèl pou sèvi antanke evèk nan Pawas Centrale. Jean Rossely te di li te rejwi konsènan ogmantasyon echanj ant limenm ansanm ak manm yo nan nouvo apèl li an, epi li te  espesyalman valorize anpil  opòtinite li genyen pou l travay avèk 78 jènjan ak jènfi nan pawas la.

“Jèn moun yo … reyèlman bezwen lanmou m,” li te di, anplis de sa li te mete aksan pou yo te bay priyorite ak etid yo.

Prezidan Berthony Théodor, prezidan pye Bernard yo, te di konsa Jean Rossely te fè meyè konsènan limenm pou l swiv  oryantasyon Prezidan Russell M. Nelson bay evèk yo pou konsantre sou jèn yo, kote li te repete sa anpil fwa  nan konferans jeneral dènyeman an.

Ayiti, yon kote ki genyen plis ekzijans konsènan bezwen tanporèl fanmi yo, li kapab difisil pou yon evèk konsantre l sou jèn yo, Prezidan Théodor te di. Men Jean Rossely te travay pou ede jèn yo asiste nan toulède ni seminè epi lekòl — sa kapab yon defi akoz kote Pawas Centrale la pozisyone an nan mitan vil Pòtoprens lan, kote manifestasyon te lakoz lekòl ak edifis piblik yo te fèmen.

text1
Jean Rossely ak Nadège Bernard poze pou yon foto ansanm avèk Mark epi Alice Rampton deyò tanp Sendomeng lan nan Repiblik Dominikèn, kote Bernard yo te sele nan dat 7 Jiyè 2010 la. Credit: Alice Rampton

“Bondye bezwen moun ki edike,” Jean Rossely te di jèn yo. “Lè ou edike, ou se  yon limyè pou kote w ap viv la epi ou se yon limyè pou lekòl ou an. Ou se yon limyè pou yon pakèt lòt moun ki kapab swiv ou.”

Pou ansenye yo konsènan kijan edikasyon kapab pèmèt yon pi bon avni, li te fè kèk aktivite, li kèk ekriti, envite lòt moun pou ansenye epi bay ekzanp konsènan pwòp lavi pa yomenm, Jean Rossely te di. “Mwen te montre yo ki kote mwen te soti … epi ki kote mwen ye kounye a.”

“Mwen te toujou priye epi mande Bondye pou ban m fòs epi pou ban mwen nouvo ide, pou ban mwen yon mwayen pou ede moun yo,” li te di. Ekriti ke li pi renmen se 1 Nefi 3:7, paske li kwè “lè Bondye mande w pou fè yon bagay, Li toujou ba ou yon mwayen pou w fè l.”

Ayisyen, Jean Rossely te di, nou se “yon pèp rezistan. Nou pa p abandone.”

Imagen
Timoun yo kanpe devan chapèl Pawas Centrale la nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo nan Pòtoprens, Ayiti, 23 Janvye 2010 la. Manm Legliz yo ansanm ak kèk lòt te rete nan lakou an paske yo pa t gen ankenn lòt kote pou yo ale aprè katastwòf tranblemann tè 12 Janvye an. Credit: Jeffrey D. Allred, Deseret News

Legliz la kontinye grandi an Ayiti, kote genyen plis pase 23,000 manm. Konsa premye tanp lan nan peyi a te konsakre  1 Septanm 2019.

Prezidan Théodor te di konsènan manm an Ayiti yo, “Pi gwo fòs yo se dezi ke  yo genyen pou swiv dirijan yo. Yo renmen Sovè a. Yo renmen Legliz la, epi yo toujou vle pou yo la.”

Akoz pwoblèm politik dènyeman an ki te fèmen lekòl ak biwo gouvènman yo ak kominikasyon yo ki te koupe, Prezidan Théodor te di li menm ak lòt dirijan yo te panse ta kapab pa genyen manm nan reyinyon sentsèn nan. “Men …  yo te enpresyone m,” li te di. “Yo te ale legliz avèk pi bon rad pou jou Dimanch lan, epi sa se vrèman yon endikatè ke yo renmen Sovè a epi yo vle resevwa benediksyon Li yo.”

Lè yo te mande l si pafwa li te santi kèk moman dekourajman pandan dis dènye lane yo, Jean Rossely te ri epi li te reponn: “Pou mwen, lè ou fè echèk, se (yon opòtinite pou) eseye fè bagay la yon lòt fason. … Mwen toujou tann (pou) Bondye ban m kouraj, pou ban mwen fòs pou m fè sa ki byen an. … Lè mwen kòmanse fè yon bagay, mwen asire m ke mwen fini l.”

imagen
Jean Rossely avèk Nadège Bernard kanpe deyò tanp Sendomeng lan nan Repiblik Dominikèn, kote yo te sele, nan mwa Jiyè 2010 la. Credit: Alice Rampton