Dim yon Kòmandman avèk Pwomès (Créole haïtien)

Cándido Fortuna
Élder Cándido Fortuna

“Eske yon moun kapab vòlè Bondye? Poutan, nou te vòlè m. Epi nou di: Nan kisa nou te vòlè w la? Nan dim ak ofrann yo.

“Nou modi anba malediksyon, paske nou vòlè m, tout nasyon sa a nèt.

“Epi Senyè tout lame a di, pote tout dim yo nan magazen an, pou kapab gen manje nan kay mwen; epi teste m pou wè si m p ap louvri fenèt syèl la, pou m vide benediksyon jistan pa gen kote pou nou mete l” (3 Nefi 24:8-10; gade tou Malachi 3:8-10).

Aprè Sovè a te fin di pawòl sa yo, “li te eksplike yo avèk foul la” epi li te di: “Ekriti sa yo nou pa genyen an, Papa a te kòmande pou m ba nou yo; paske se te daprè lasajès li pou jenerasyon k ap vini yo te resevwa yo” (3 Nefi 26:1-2).

Nan pwochen 2 mwa sa yo chak fanmi ak manm legliz la pral gen opòtinite pou chita avèk evèk li oubyen prezidan branch li, pou kapab fè sa nou rele regleman anyèl dim nan. Se yon eksperyans pou tout fanmi an gen opòtinite pou deklare devan yon sèvitè Bondye ki otorize kijan yo konsidere yo nan peyman dim nan.

Sa se pi bon fason nou genyen antanke papa yo ak manman yo pou ansenye levanjil la nan fanmi an, viv li pa mwayen ekzanp nou. Nan vizyon Entèrejyon an youn nan priyorite yo se pou viv levanjil la,  epi sa se yon jan pou montre ke n ap viv li antanke fanmi epi endividyèlman.   

Kèk nan nou ta kapab di “Mwen pa genyen ase pou m peye dim nan”, men sa yo ki genyen lafwa sifizan pral di “mwen pa kapab fè tèt mwen plezi pou m pa peye dim nan”. Nan fason sa nou depoze konfyans nou nan pwomès Senyè a.  

Tithing

Ajisteman dim nan dwe vin yon eksperyans pozitif pou tout fanmi yo, kote chak manm gen opòtinite pou pale avèk evèk la oubyen prezidan branch lan epi pou fè li deklarasyon pa l la.  Epi tou se yon trè bèl opòtinite pou evèk la oubyen prezidan branch lan ansenye konsènan prensip sa. Senyè a ap tann pou lè nou sòti nan antretyen an manm nan retounen lakay li avèk yon pi gwo detèminasyon pou vin fidèl nan peyman dim yo ak ofrann yo. Senyè a pa konsantre sou kantite a ni sou lajan an, sinon nan lafwa ki pwodwi a pandan n ap respekte kòmandman sa nan lavi chak nan noumenm.   

Peyman dim nan se yon eprèv konsènan sa ki pi enpòtan pou noumenm.

Prezidan Lorenzo Snow te ansenye “lwa dim nan se youn nan lwa yo ki pi enpòtan ki pat janm te revele avèk lèzòm ”.

Akonplisman fidèl lwa sa louvri fenèt syèl yo kote ladan yo benediksyon tanporèl yo ak espirityèl yo pral soti. Antanke youn nan moun ki resevwa benediksyon sa yo pandan tout lavi m, mwen temwanye konsènan bonte Bondye nou an ak benedikson Li yo an abondans sou pitit Li yo.

Mwen priye ke nou kapab wè reyalizasyon pwomès sa yo nan lavi nou lè n ap deklare devan evèk nou fidelite nou nan akonplisman kòmandman sa.