Gen Pasyans nan afliksyon

Sois patient dans les afflictions
Fritzner A. Joseph
Fritzner A. Joseph et son épouse, Gina.

 Lè mwen chita pou mwen reflechi epi medite sou vrè objektif lavi a, youn nan fraz ki toujou vini nan tèt mwen.  Se yon pwovèb ayisyen ki di: “Dèyè mòn, toujou gen mòn” (There are mountains beyond mountains). Depi mwen te tou piti mwen te kon tande tout gran moun repete pwovèb sa a. Men se jis lè mwen komanse fè eksperyans ak levanjil retabli a, mwen te rive konprann vrè sans pwovèb la.

Nou aprann Papa nou ki nan syèl la te voye nou sou tè a avek yon plan byen etabli. Senyè a deklare : ‘’ Nou pral pase yo anba eprèv, pou nou wè si yo pral fè tout bagay Senyè Bondye yo a pral kòmande yo. ‘’ (1)

Nou ap viv nan yon moman ki difisil anpil, pafwa nou santi nou dekouraje, oubyen nou kapab santi nou poukont nou, epi san fòs pou kontinye pi devan. Men si nou vle pote chay la, epi sipòte tout defi nou genyen pou nou fè fas, nou bezwen fè efò pou nou gade devan avek lafwa. Epi toujou fè Papa nou ki nan syèl la konfyans.

 Sovè nou an Jezikri se pi gwo egzanp pou nou. Nan moman pou li te fè fas avek reyalite ekspyasyon an li te di “soufrans sa a ki te fè, mwen menm, Bondye, ki pi gran pase tout moun, tranble anba doulè.’’ (2)

Nan moman sa a li te oblije rele Papa li ki nan syèl la, li te di “Papa si ou vle, tanpri, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se pa volonte pam ki pou fèt, se volonte pa ou.’’ (3) Pè Selès la te tande li, epi li te voye  ‘’ Zanj Bondye vin bay Jezi fòs.’’ (4) Menm lè Jezi te gen sipò zanj yo, sa pat anpeche soufrans li kontinye. Ekriti yo rapòte, “Nan mitan gwo soufrans avek doulè, Jezi te: ‘’ lapriyè pi rèd epi souè tap koule souli tonbe atè tankou gwo degout san.’’ (5)

Nou pa dwe janm sispann priye lè nap pase move moman, se lapriyè ki kapab kenbe nou konekte avek papa nou ki nan syèl la. Espesyalman lè nap fè fas ak gwo tribilasyon yo. Mwen pa konnen ki difikilte wap travèse nan moman sa a, mwen pa konnen ki eprèv oubyen afliksyon wap viv kounye a. Defi pa ou, kapab pèsonel oubyen familyal.

The Agony in the Garden, by Frans Schwartz
The Agony in the Garden, by Frans Schwartz

Yon bagay mwen konnen epi mwen kapab temwaye ou, Papa nou ki nan syèl la pap janm abandone ou. Menm jan li toujou fè pou tout pitit li yo.

Lè pwofèt Joseph Smith te nan mitan gwo eprèv pa li, Senyè a te di li, “Tout bagay sa yo ap ba ou eksperyans, epi se ap pou byen ou.’’ (6)

Epi li te di li ankò,  “Gen pasyans nan afliksyon paske ou pral gen anpil.‘’ (7) Pi lwen Sovè a te ajoute : ‘’ Rete sou wout ou ye a,… pa pè sa lòm kapab fè, paske Bondye ap avek ou pou toujou ajamè.‘’ (8) Selman nou bezwen kenbe fèm, pa pè epi kwè.

Senyè a promèt : ‘’ si nou mande nap resevwa  konesans sou konesans pou nou kapab konnen mistè ak bagay pezib-kipote lajwa, ki pote lavi etènel.‘’ (9) Menm jan prezidan Russell M. Nelson te deklare, “Nan moman gwo detrès, tankou lè malady atenn nivo yon pandemi, bagay ki natirèl pou nou fè,  se rele Papa nou ki nan syèl la, ak Pitit Gason lan- Mèt Gerisè a – pou montre pouvwa mèveye yo, pou beni moun sou tè a.’’ (10) Nan moman eprèv yo pa gen pi gwo zam pase lapriyè.

Tanp Ayiti nan Pòtoprens
Temple d'Haïti de Port-au-Prince

Pèsonelman mwen konnen kek jou afliksyon ki te fè mwen kriye anpil. Kòm egzanp, nan 5 Fevriye 1975, papa mwen te tonbe li mouri. Sa te fè mwen tris anpil. Men sa pat rete la, nan 14 Avril menm ane sa a manman mwen te pase lòt bò vwal la tou. Nan moman sa a mwen te vle mouri. Mwen te santi mwen abandone. Se tankou tout mond lan te tonbe sou mwen. Nan yon sèl bagay mwen te jwen yon ti plezi, se lè mwen tap jwe footbòl (Soccer). Sa te konn ede mwen pou yon ti moman. Men tout bagay ta pral chanje nan Novanb 1978, lè mwen te resevwa yon envitasyon kay frè Frederic Templeman yon Kanadien ki tap viv nan Ayiti. Se te pou premye fwa mwen te tande pale konsènan Levanjil Retabli a. Mwen te trè touche, aprè 6 mwa etid, jou ki te 25 Me, 1979 mwen te batize. Sa se yon moman ki te chanje tout lavi mwen. Se te premye fwa mwen te santi yon lajwa avek yon lapè mwen pat janm eksperimante anvan. Mwen konnen Papa nou ki nan syèl la renmen nou chak, li pap janm abandone nou.

Tribilasyon pa etranje tou pou Sè Julie Micienne Etello. Li wè anpil soufrans nan lavi l. Menm lè sa,  tranbleman ki te pase sou Ayiti jou 12 Janvye 2010, Sè Etello te pèdi tout rès fanmi li. Li te pedi  2 pitit fi li avèk 3 pitit pitit li. Li rakonte mwen koman li te soufri nan moman sa yo.  Lè mwen te mande li, kisa ki pèmèt li kenbe nan tout soufrans sa yo. Rapidman li te reponn : ‘’Lapriyè avek Tanp la.’’ Li te kontinye, “lè mwen nan tanp la, mwen santi lapè, epi mwen santi anpil lajwa lè map patisipe nan òdonans tanp yo. Sa se yon gwo benediksyon lè nou kapab santi prezans Papa nou ki nan Syèl La sitou lè nap fè fas avek gwo eprèv sa yo.”

Pa gen dout nap viv nan yon epòk ki gen anpil defi, maladi, pwoblem sosyal ak ekonomik. Men se yon moman tou, kote Senyè a rezève anpil opòtinite ak benediksyon pou sila yo ki rete fidèl ak alyans yo. Li di: “Yon moun ki fidèl nan tribilasyon, rekonpans li pi gran nan wayom syèl la” (11)

 

Mwen priye pou nou kapab rete fidèl pou nou ka jwen rekonpans sa a.

 


 

[1]          Abraram 3 : 25

[2]          Doktrin Ak Alyans 19 : 18

[3]          Lik 22 : 42

[4]          Lik 22 : 43

[5]          Lik 22 : 44

[6]          Doktrin Ak Alyans 122 : 7

[7]          Doktrin Ak Alyans 24 : 8

[8]          Doktrin Ak Alyans 122 : 9

[9]          Dohtrin Ak Alyans 42 : 61

[10]        Prezidan Russell M. Nelson ‘’Opening the Heavens for Help’’

[11]        Doktrin Ak Alyans 58 : 2