'Kijan m t ap kapab, eksepte si yon moun ta gide mwen?'

Yon istwa misyonè. Filip ak Etyopyen an - Ak 8: 26-40

Jóvenes SOY 2017
Élder Eduardo Gavarret

Jounen an te satisfezan men li te chaje anpil. Kounye a Filip sa ki evanjelis la, misyonè an, youn nan sèt yo ki te aple pou ede apot yo nan pwosesis pou fè sèvis pastoral pami lòt moun yo epi pou anonse pawòl la, t ap repoze.  

Pandan nwit lan li te reveye nan dòmi pa yon zanj ki te genyen kèk enstriksyon ki soti bò kote Senyè a pou limenm.

Zanj lan te pale byen klè epi li te enstwi l ki kote li ta dwe ale, li te ba li kèk karakteristik pou li te kapab idantifye kote a.

Filip pa t genyen ankenn dout konsènan orijin mesaj la. Repons li an te klè tou; aksyon li te yon demonstrasyon konsènan lafwa li.

'Epi li te leve epi li te ale;'

Sou wout la pandan li te nan chemen yo te montre l lan, li ta kapab asireman ap mande tèt li   konsènan rezon vwayaj rapid sa a. Anyen pa t kominike l konsènan objektif oubyen bi an, jis pou l leve epi ale. San ankenn dout, li te rekonèt vwa a, se sa k fè, li pa t bezwen konnen plis. Objektif la pral asireman eklèsi nan moman ki nesesè a.

Aprè plizyè èd tan sou yon wout ki te vin mwens danje pandan limyè solèy la te klere sou li, li te wè yon karavan moun ki t ap vwayaje ki, menm jan avèk li, t ap desann depi Jerizalèm pou rive Gaza. 

Istwa nan ekriti yo ba nou yon deskripsyon brèf men ki pwofon konsènan moun sa ki t ap mennen karavan nan, sa k te gen pou wè avèk karaktè li, travay li, rezon li te vwayaje an, epi sa ki pi enpòtan ankò tankou sa ki te okipe lespri li nan moman an se konsènan rankont li an avèk Filip.

Nonm sa te vwayaje pou plis pase 2000 kilomèt atravè wout ki danje yo se sa k fè li soti nan peyi li Etyopi jiska nan tè Jerizalèm.  Objektif vwayaj li an petèt te efase nan lespri l difikilte ke li ta kapab rankontre sou chemen an.  Sa ta kapab ede li anretou pou fikse lespri li sou rezilta ke li ta kapab jwenn pandan l ap akonpli bi li an : li te vwayaje jiska Jerizalèm pou adore.

Se pa t premye fwa li te fè vwayaj sa a; se te 'vwayaj anyèl li pou adore nan vilaj Abraram nan'.

Malerezman, nan lane adorasyon sa a li te jwenn yon vilaj ki te nwaye nan tristès men avèk kèk evenman glorye ki te vin rive akonpli nan dènye fèt delivrans lan.

Aprè li te fin adore nan Tanp lan selon koutim nan, li te kòmanse retounen nan peyi l.

Petèt reyalite ke yo te kontinye pale an nan Jerizalèm te konsènan Jezi, sa gen pou wè avèk soufrans li an nan men Romen yo ak lanmò li sou kwa a, yo t ap pale tou konsènan rezireksyon li an, bagay sa yo te mennen l pou li ekriti pwofèt Ezayi a, kote li te chita ap li byen fò nan charyo li.

Se te nan moman sa ke Filip te resevwa enstriksyon nan men zanj lan pou apwoche pre cha  Etyopyen yo.  

' Epi Filip te kouri al jwenn li, epi li te tande li t ap li pwofèt Ezayi, epi li te di, eske w te konprann sa w ap li a?  

Etyopyen an reponn: ' Kijan m t ap kapab, eksepte si yon moun ta gide mwen?” li te leve nan yon pwofon imilite epi li te revele yon dezi ki sensè ak ki vif pou aprann.

Etyopyen an te dwe santi yon bagay espesyal lè l te tande vwa Filip epi li pat wè yon 'etranje' ki t ap mache sou chemen an. Li te santi petèt ke nonm sa gen yon bagay ke li te bezwen, yon bagay depi lontan ke li te vle genyen tankou, byen ke li genyen otorite ak kapasite pou kòmande, li senpleman: '...  te vle pou Filip te vini epi chita avèk li.'

Jóvenes Soy 2017

Aprè Filip te chita kote nonm sa a, li te li pasaj ki t ap boulvèse lespri l la ankò epi li mande l pou esplike sa l te vle di ; li te mande pou konpreyansyon.

“Men pasaj kote li te li nan Ekriti an, 

Li te tankou yon mouton yo t'ap mennen labatwa.

ki pa janm rele lè y'ap taye lenn sou do li,

li pa t' janm louvri bouch li di anyen:

Yo te desann li ba anpil, yo refize fè l' jistis:

Pesonn p'ap nonmen non pitit pitit li?

Paske, lavi l' sou latè fini nèt.”

“Epi nonm peyi Letyopi an te reponn Filip, epi li di, mwen priye w, konsènan kiyès pwofèt la t ap pale bagay sa a?” tèt pa l osinon yon lòt moun? ”

Li te fè fas avèk yon dezi pou aprann ki pwisan epi gide pa lespri a, ' konsa Filip te louvri bouch li, epi li te kòmanse avèk menm ekriti a, epi li te preche l konsènan Jezi.' Li te ansenye l tankou yon moun ki te reyèlman konprann objektif vèsè yo. 

Li te ansenye l konsènan lavi premòtèl Jezi tankou gran Jewova a, konsènan nesans mirakile li an nan yon pak bèt nan Bètleyèm, li te pale yo konsènan temwanyaj zanj yo tou avèk nonm saj yo ki te  genyen pou wè avèk bèl evenman sa a.

Asireman, mwen te pale tou konsènan ministè li, ansèyman li yo ak mirak li yo, rantre triyonfal li an nan Jerizalèm nan moman Pak la, ekspiyasyon pou kont li an nan Jetsemani ansanm ak jijman tris li an ak soufrans chaje ak doulè sou kwa a. Li te ansenye l konsènan rezireksyon gloriye li an, ak sèvis pastoral li te fè avèk de apot yo sou wout Emayis la, epi asireman temwanyaj plis pase 500 moun konsènan moman inik ak evenman memorab sa a, sa pa t manke nan mesaj li a.

Doktrin Kris la, ki fè referans avèk prensip yo ak òdonans yo, ki te ansenye nan wout pousyè sa nan dezè Gaza a.   

Lafwa nan Senyè a JeziKri, repantans ak batèm pa imèsyon pou padon peche yo, yo te ansenye tèlman avèk pouvwa ke nonm sa, yon jwif ki t ap tann Mesi a te tande pou li di:

' Gade, men dlo, kisa ki anpeche mwen batize? '

Filip te vle tande nan ki nivo bon nèg sa te konprann ak kwè nan bagay yo te ansenye l la, epi repons li te resevwa a te klè epi dirèk:

'Mwen kwè ke Jezikri se Pitit Bondye.'

Nonm sa, ki limenm nan kèk èdtan anvan pa t 'konnen' Jezi; aprè Filip 'te louvri bouch li'-   li te konfese ke Jezi se te Kris la, Mesi ke yo te pwomèt la, Sovè mond lan, sèl grenn moun ki te mouri epi ki te  leve ankò a, moun sa ki bay padon pou peche yo.  

Pou Filip repons lan te sifi. Lafwa nonm sa te pèse vwal inyorans lan. Dout oubyen enkyetid pa t janm parèt nan figi nonm peyi Letyopi an. Kounye a, li te konnen!

“Epi li te kòmnade cha a pou rete la toujou: epi yo toulède te desann nan dlo a, toulède Filip ansanm ak nonm peyi Letyopi an; epi li te batize l.”

Genyen anpil bagay ke nou kapab aprann epi aplike konsènan de mesye mèveye sa yo!

• Filip, yon nonm ki te konnen ekriti yo, epi li te obeyisan avèk enstriksyon li te resevwa yo, ki pa t pè pou louvri bouch li pou ansenye.

• Etyopyen an ki pa t fèmen lespri l konsènan verite levanjil yo ki te pèmèt li resevwa batèm pa yon moun ki te genyen otorite pou administre li epi resevwa lajwa paske li aksepte li.

Nou aprann tou ke nou tout se pitit Papa nou ki nan Syèl la ki renmen nou epi lè tan rive, Li pral prepare pitit Li yo pou kapab gide tankou mesaje yo avèk youn ki enb pou tande epi ki te prepare pou resevwa.  

Pawòl Pòl yo te vin nan lespri mwen:

Konsa, nanpwen diferans ant moun ki jwif ak moun ki Grèk: yo tout gen yon sèl Mèt ki bay tout moun ki rele l' favè l' an kantite.

Nenpòt moun ki rele non Mèt la gen pou jwenn delivrans.

Ki jan y'a fè rele l', si yo poko gen konfyans nan li? Ki jan pou yo gen konfyans nan li, si yo pa tande pale sou li? Ki jan pou yo tande pale sou li, si pa gen pesonn pou fè konnen mesaj la?

Ki jan pou yo fè fè konnen mesaj la, si pa gen moun yo voye pou sa? Daprè sa ki te ekri a: Ala bèl bagay lè ou wè moun k'ap pote levanjil lapè a, epi k ap pote bon nouvèl sou bon bagay sa yo ap vini!

(Romans 10: 12-15)

Kòman mwen kapab aplike istwa mesye sa yo ki nan ekriti yo nan lavi m chak jou?  

1. Panse avèk yon moun ke ou konnen ki kapab benefisye mesaj levanjil la (yon manm fanmi, yon vwazen, yon etidyan oubyen yon konpayon travay, ekt.).   

2. Priye pou konfimasyon.

3. Fè aksyon. Kòmanse avèk premye moun ki nan lis la epi fè youn nan aktivite sa k ap vini la yo:  

• pataje temwanyaj ou

• envite yo nan yon Sware Lakay yon Fanmi oubyen nan Reyinyon Dimanch yo

• Ba yo yon Liv Mòmon

4. Kèlkeswa reyaksyon zanmi w lan avèk envitasyon w lan, mande: kiyès ou konnen ki ta kapab benefisye mesaj sa a?”

Sonje ke Senyè a se Senyè mwason an epi Li pral gide w, menm jan li te fè avèk Filip, ansanm avèk nonm sa ki te prepare an pou resevwa mesaj la. 

Kijan m t ap kapab, eksepte si yon moun ta gide mwen?