Prezidans Entèrejyon Karayib lan voye kondoleyans yo epi eksprime solidarite yo avèk pèp ayisyen an

Prezidans Entèrejyon Karayib lan voye kondoleyans yo epi eksprime solidarite yo avèk pèp ayisyen an

SENDOMENG – Prezidans Entèrejyon Karayib lan nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo te voye yon kominike aprèmidi a pou pote solidarite avèk ankourajman ki te dirije avèk manm Legliz yo ansanm avèk tout sitwayen ki nan Repiblik Ayiti a, kote y ap afwonte yon sitiyasyon difisil konsènan pa gen estabilite politik ak sosyal, kote rasin nan agrave ki vin lakoz yon atak kote prezidan Jovenel Moïse pèdi lavi li, pandan madanm li soti gravman blese nan jou mèkredi 7 jiyè a.

 

Dokiman an eksprime:

“Noumenm, Prezidans Entèrejyon Karayib lan nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, nou etann solidarite avèk senpati nou anvè byenneme frè nou yo ansanm avèk tout sitwayen nan Repiblik Ayiti atravè sitiyasyon politik ak sosyal difisil ke y ap afwonte nan moman sa yo.  

 Nou gen yon regrè pwofon epi nou eksprime sensè kondoleyans nou pou lanmò prezidan Jovenel Moïse la epi nou priye pou lasante madanm li Madanm Martine Moïse. Nan menm fason an, nou priye pou manm fanmi l yo, zanmi l yo avèk kolaboratè li yo kapab konsole atravè sitiyasyon konfizyon sa a, kote nou konfye n ke l ap vin eklèsi.

Nou priye Senyè Toupisan an konsènan sa ki lakoz preyokisyon pou sitiyasyon sa a kapab abòde nan yon fason ki kòrèk epi pou mete fen avèk soufrans tout moun ki inosan yo. Nan menm fason sa a, nou leve siplikasyon nou yo pou ke sitwayen peyi a resevwa fòs epi pou otorite yo kapab estabilize sitiyasyon an nan tan sa kapab posib la, pandan y ap retabli konsa lapè avèk sekirite.

Antanke òganizasyon ki nan sèvis tout pitit gason ak pitit fi Bondye yo nan kèlkeswa kote; nou renouvle angajman nou pou reyini efò nou yo avèk Leta ansanm avèk lòt òganizasyon ki gen bon volante yo pou pote soulajman, konsolasyon avèk èd pou moun sa yo ki nan bezwen.”

Dirijan Legliz yo voye kondoleyans yo ak solidarite yo atravè yon dokiman ki te dirije avèk Anbasad Ayiti a nan Sendomeng, Repiblik Dominikèn, ki soti nan biwo santral Legliz la nan Karayib la.

Legliz la gen prezans li an Ayiti depi 1983, kote plis pase ansenye mesaj Levanjil Jezikri a, li fè yon travay imanitè ki laj anpil.