Preche Levanjil la– Òdonasyon Prètriz yo

Repons lan avèk Konfimasyon pa Otorite 

Niño lee las escrituras en el libro de Moroni
Elder Roman
Eldè Tomas G. Roman

Preche Levanjil la

Depi plizyè lane mwen te genyen yon kesyon pèsonn pat kapab reponn. Mwen te vrèman vle  konnen si Bondye te yon sèl oubyen se te 3 pèsonaj diferan ki prezante nan yon sèl kò, oubyen senpleman se 3 pèsonaj diferan ki genyen yon sèl objektif. Mwen te konnen te genyen yon sèl repons paske Bondye pa janm chanje. Aprè anpil etid nan Bib la san kanpe, mwen te menm vin genyen plis konfizyon. Nan yon vèsè li mansyone genyen yon sèl Bondye epi nan yon lòt li te deklare Li reprezante 3 pèsonaj separe. Pandan m ap chèche yon repons ak kesyon m nan, mwen te mande plizyè dirijan espirityèl nan diferan denominasyon. Mwen te resevwa plizyè repons diferan epi mwen te kontinye nan konfizyon an.

Nan lane 2004 mwen te al manje avèk yon konapyon nan travay mwen, John Hernandez. Mwen te mande l ki pwòp kwayans pa li konsènan Bondye. Repons senp li a te atire atansyon m. Li te di; ‘’Yo se 3 pèsonaj diferan ki genyen yon sèl objektif, Bondye Papa a, Bondye Pitit la, ki se Jezikri, epi Bondye Sentespri a’’. Li te ankouraje m pou konplete etid Biblik mwen an ansanm ak li ‘’Liv Mòmon an, Yon lòt Temwanyaj konsènan Jezikri’’. Li te envite madanm mwen avèk mwen tou pou ale asiste Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo kote se limenm ki te Prezidan Branch lan. Mwen pat konnen anyen konsènan Legliz la, men mwen te sonje bèl mesaj yo nan televizyon depi lè m te timoun. Madanm mwen ansanm avèk mwen te priye epi nou te deside vizite Legliz la. Jou sa a te chanje lavi nou! Manm yo te vrèman janti epi yo te ba nou yon bèl akèy sa te fè nou santi tankou nou fè pati kongregasyon an. De jèn gason ki te pote non yo sou yon plak te ede tou pou nou te santi nou alèz. Eldè Woods ak Eldè Knickerbocker te mande nou si yo te kapab vizite lakay nou pou ansenye konsènan Jezikri epi nou te aksepte. Pandan premye leson an, mwen te poze kesyon an; ‘’Kiyès Bondye ye’’. Repons senp yo a te ede m santi yon bagay espesyal ke mwen pa janm te konn santi anvan. Mwen te santi lapè nan kèm ak mwen te jwenn yon temwanyaj ke yo se vrè mesaje Bondye. Yo te genyen yon bagay espesyal.   

2005 1st Temple Visit - Yaritza and Tomas Roman
Yaritza y Eldé Tomas Roman

Eldè yo te ba nou angajman pou li Liv Mòmon an ak pou nou te mande Bondye, Papa Etènèl la nan non Jezikri si liv la te genyen vrè levanjil Jezikri a. Yo te di konsa si nou mande Bondye avèk lafwa, nou ta kapab resevwa yon repons. Yo te ansenye nou kijan pou nou priye. Nan menm nwit la madanm mwen avèk mwen te fè devwa nou. Nou te li temwanyaj twa temwen yo, yuit temwen yo, temwanyaj Jozèf Smit la, ak ti kout eksplikasyon sou Liv Mòmon an ke nou jwenn nan liv la. Nou te li tou Moroni 10:3-5: ‘’mande Bondye Papa Etènèl la nan non Jezikri si bagay sa yo se verite epi si nou mande avèk yon kè sensè, avèk yon entansyon reyèl, avèk lafwa nan Kris la, l ap montre nou se verite, avèk pouvwa Sentespri a. Epi, pa pouvwa Sentespri a nou kapab konnen verite nan tout bagay’’.

Nou te resevwa repons pa nou an nan menm nwit la avèk lapè nan kè nou. Mwen te resevwa konfimasyon ke Liv Mòmon an se verite, Jozèf Smit se te yon pwofèt Bondye ak Legliz Jezikri a te retabli sou tè a. Mwen te resevwa revelasyon tou ke Eldè yo ki t ap ansenye nou yo te vrè mesaje Bondye. Madanm mwen tou te resevwa konfimasyon verite sa yo.

Lè Eldè yo te vizite lakay nou pou dezyèm leson an, nou te mande yo si nou te kapab batize. Yo te gade youn avèk lòt epi yo te kriye avèk lajwa paske yo te konnen nou te resevwa yon repons dirèkteman de Bondye. De semèn aprè sa nou toulède te batize. Ki gwo benediksyon sa yon konpayon travay ansanm ak madanm li, te ouvri bouch yo pou preche levanjil Jezikri a epi ede nou pou jwenn Legliz Bondye a sou tè a. Yo ansenye nou tou pèsonèlman konsènan tanp lan epi yo te bay prezans yo nan jou nou tap sele yon lane aprè nan tanp Sendomeng lan, Repiblik Dominikèn. Preche levanjil la se devwa tout moun. Senyè a te di: ‘’Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a’’. (Matye 28:19).   

Image3

Òdonans Pretriz yo

Yon semèn aprè mwen te fin batize, mwen te òdone kòm Prèt nan Prètriz Arawon an. Mwen kounye a te vin genyen otorite Bondye pou beni ak distribiye Sentsèn ki se soupe Senyè a, pou ede sa ki nan bezwen yo epi fè sèvis pastoral pou lòt moun yo. Prètriz Arawon an te prepare m pou resevwa prètriz Mèlkisedèk la. Pi bonè posib mwen te òdone nan ofis Eldè epi mwen te prè pou m swiv ekzanp Kris la nan sèvi lòt moun yo. Senyè te di, ‘’Se sa ki fè, kounyeya se pou tout moun aprann devwa yo, epi pou yo aji nan ofis yo lonmen yo a avèk tout dilijans. Yon moun ki parese, yo pap konsidere l kòm diy pou l rete, epi yon moun ki pa aprann devwa l epi ki pa montre li kalifye yo pap konsidere l kòm diy pou l rete. Se konsa sa ye. Amèn’’. (Doktrin ak Aalyans 107:99-100).         

Òdonans yo tankou batèm, konfimasyon, beni moun ki malad, beni ak distribiye Sentsèn, konfere ak òdone nan prètriz la, konsakre lwil, dedikas yon tonm, benediksyon papa yo bay ak benesiksyon pou rekonfò, bay non ak beni timoun yo, sèlman yo nan tanp lan, yo toujou fèt pa otorite prètriz la epi nan non Jezikri. 

Familia Román

Nou genyen yon gwo responsabilite pou fè sèvis pastoral pou lòt moun yo menm jan Jezi te fè a. Prezidan Russell M. Nelson te di, ‘’Efò efikas Sèvis pastoral yo rive fèt gras ak kado sè yo fèt avèk li lakay yo, ansanm ak pouvwa san parèy pretriz la’’. Nou pa poukont nou nan tach enpòtan sa yo nan prètriz la. Madanm nou yo, pitit fi nou yo ak dirijan fi yo prè tou pou fè sèvis pastoral la. Nou se yon ekip! Yo se yon pati esansyèl tou nan plan Bondye a. Avèk yo nou kapab manifye pi byen apèl nou yo nan prètriz la.     

Nou vrèman rekonesan paske nou genyen zanmi ki preche nou levanjil la! Lè nou preche levanjil la ak onore pretriz la avèk dilijans nou prepare wayòm Senyè a sou tè a pou dezyèm retou Li a. An nou fè l avèk lanmou epi ak lajwa!